Pou prann yon gason net

 Wap achte Yon jeux de carte, wap ht yon militon blan, wap ht yon fisel (sil te ka achte fisel la sou non misye tou li tap bon), wap ht yon ti bè timalis yo, wap ht yon mouchwa blan, wap ht yon grenn klou. Lew fin gen tout engredyan sa yo kounye a men kisaw pral fè avek yo: Wap pran wa kè a nan kat la e wap ekri non neg la deye dol, answit wap pran dam kè a nan kat la e wap ekri non Fanm nan nan dol. Wap pran militon an wap fann li an 2, wap retire kè militon an, answit wap pase bè a nan wa kè a e wap depozel nan premye bò militon an, answit wap pran dam kè a wap pase bè a ladann tou epiw depozel nan dezyem bò militon an. Answit ou kole 2 bò militon yo ansanm epiw klouwe yo ak pawol ou epi ou mare tout ak mouchwa blan an mete yon kote ou konnen moun pa prale ladann, oubyen ou fin marel ou fouye yon ti tou ou anterel.