Resèt pou moun ki pran kout poud ak sil koumanse pete sou pol
1) yon fanta rezen
2) 7 sitwon
3) yon tèt lay vyolè
4) yon pake 3 zòm fò
5) yon pake echalòt mawon
6) fèy metsiyen an men se gwo fèy la
7) yon kalbas vèt
8) yon gode blan
9) yon kivèt blan
10) yon moso savon san sèvi.
11) yon pilon.
Kouman pou prepare li?
W'ap mete 3 zòm fò a nan pilon an ak tèt lay vyolèt la echalòt mawon ou retire pye yo ou pran grenn lan ou mete nan pilon an epi'w pile tou ansanm. Aprè sa ou koupe kalbas la an 2 ou pran anndan kalbas la men se yon bò w'ap pran 7 sitwon an ou koupe yo an 2 ou prije 7 sitwon yo nan epi w melanje tout sa'w te pile yo ou petri yo byen petri yo byen petri. Epi ou fè moun lan pye moun lan nan kivèt lan epi'w lave pyel avèl.
NB: pa lavel anba monte non, w'ap lave li anlè desann kote ki tou nwa kisa w'ap fè pou li?
W'ap pran fèy mètsiyen an ou bouyil w'ap bezwen lalwa ou koupel grès ki sot nan lalwa ou lagel kote ki tou nwa ou pran savon san sèvi a ou lave pye avèl aprè w'ap pran kola rezen an epa fanta rezen an non kola rezen ou rense pye'w. Men lè w'ap rense pye a fòk ou fouye yon twou ou rensel ladan'l epi w antere tout. Si koud poud la se lòt kote li pete w'ap benyen kotel pete a anlè desann. Epi vin temwanye.
0 Commentaires