POU RETIRE MAUVAISE ESPRITS... CHEZ VOUS :


1) 7pake bwapen byen gra ,mete souf, lansan brit,piman,4typ pwav,po nwa, 1etwal lanmè, nan yon kivèt ou mamit anfè, epi vide gazolin e mete dife.


2) POU MEN LAVE :


1Ponyen fèy jijiri(grenn),1ponyen fèy bazilik dou, 1ponyen fèy kapab, 1pafen damou, pile fèy ansann, ajoute pafen damou an,3kokoye ole, rale manb ou, rouze kote wap sèvi a, kite rès pou lave menw jou mache. 


3)POU PA JANM PRAN NAN BATRI :


pran 7ti ròch nan you rivyè,sou demand, mete yo nan yon asyèt blan, anba jouk yon poul kitel fè 3jou,aprè souke yo nan asyèt la, mete yo nan pòch goch ou bous ou .

NB:non vanyan rivyè a se Bèlpas, non vanyan ròch se Gangalata. 


4)POU TRETE BATRI (GRO PYE):


pile 3tèt lay vyolèt(lay peyi a),pire 7sitron,mete tout nan lwil maskriti,lwil akasya, ajoute tabak anpoud.


Bay dite 7rasin vèvenn pit(ave a)ak 3fèy kòlèt, lè ou metel atè pire 1zoranj si landan, graje 1ti moso anaftali ladanl,fè 7dite konsa. 


NB:non vanyan fèy kòlèt se Mèt bouk, non vanyan fèy vèvenn pit la,se Vera malo.