Alaso nan non Minis Zaka Mede ki di Zaka Si Zaka La
Nèg Awoubla vodou , nèg azaka mòlòko dyedye abitan
Nèg zaka tonnè zaka gweliye , jòk sine pyè rine jan lis kaden
AZaka Krib , Azaka annou mede nèg nan mòn
Nèg kanson touse nèg djakout nan do nèg digo menfò.
Tanpri papa zaka aprann nou kiltive tèt ansanm
Fè nou donen lespri konbit aprann nou travay kove
Jodi a Azaka Mede nou bliye idantite nou nou bliye kiyes nou ye
Jodi a se letranje kap lage nan kui nou paske nou abandone bitasyon nou , jodi a kouzen nèg nan mòn pa plante nèg lavil ap depote.
Jodi a prodiksyon nasyonal nou a zero Minis.
Nap mande'w pou retire gwo wou a sou do'w mete li nan men nou
Pou nou apran raboure latè pou nou sispann manje pèpè.
Jodi a zaka kwesi nèg sounbwa vodou pataje èneji la tè avek nou
Enèji pou nou aprann travay pou devlope peyi nou
Annou miyan man manvodoun .
AGO AGOSI AGOLA.
0 Commentaires