Eske nou konnen vodou son bagay ki sakré

Pou moun ki pa konnen lan ki nivo vodou sakré , moun lè yal lan Dans se jwe yal jwe..

Ebyen langay vodou yo klè, men pa mank denfòmasyon anpil moun pran vodou pou plezantri..

Jodi a medite sou Mot "AFOUTAYI"


AVOUDAYI pa denfòmasyon ligistik vin AFOUTAYI..ki vle di Prepare nou, an nou ranje koze nou.. Sa vle di nou pral antre lan mistè , lan sa ki sakre,  jwet la fini..


Asanble a reponn, Yi, ke normalman on vodovyè dwe prononse ak respè.


Yi vle di nou dakò, nou dakò antre lan mistè loas yo, nou dakò antre lan mistè Dahomey a.. ( ki donk anpil respè pou mo sakre yo)


Apre yo di "BILA BILA" ki vle di "lan nom kreyatè a" "lan nom puisans ki lan vodou yo"


Denye mo a ki se "CONGO" se jus yon memwa a pèp Congo a..


Vodou a sakre,  nou dwe montre anpil respè anba perestil yo, ni devan tab loas lakay ou..