Prensip ou dwe respekte lè wap lapriyè
Enpòtan, lè wap fè ofrand pou dans oswa priyè toujou bay sa ki soti sou
bitasyon zansèt nou yo. Pa ofri anyen ki soti lòt bò dlo.
1. Bon lè pou lapriyè se lè solèy ap leve, midi, lè solèy ap kouche epi minwi.
2. Pa lapriyè lè ou an kòlè
3. Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balèn bouji oswa lanp.
4. Alkòl fasilite kominikasyon ak Lwa sitou lè li boule :
a. Fè posib pou gen yon boutèy kleren oswa wonm,wouj ou blan
b. Sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen lokal.
5. Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan ou komanse. Li ta
pi bon si se moun lan menm ou mande padon.
6. Pa janm mande mal pou anyen ni pou pesonn.
7. Pa janm mande pou tire revanj.
8. Reflechi byen avan ou reklame jistis :
a. Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman men pou tout moun ou te fè
ditò tou.
9. Sonje, Lwa ka edew, li pa ka fè pou ou.
10. Prepare tèt ou ak kote ou pral lapriyè :
a. Benyen avan ou lapriyè, pandan wap benyen, pale ak dlo a mande li pwòpte
ou deyò kou andan.
b. Mete pafen sou ou, yon pafen Lwa renmen oubyen youn ou vle fè li kado
c. Met rad blan oubyen koulè Lwa a. Piga ou ale tou ni oubyen dekòlte devan
Lwa.
d. Pwòpte kote ou pral lapriyè a.
Wouze li ak dlo fèy santi bon, (bazilik, zoranj, vetivè, sitwon, mant, tibonm) .
Boule ansan selon règleman priyè ou pral fè.
Men ki Jan pou konvoke dantor trè r
0 Commentaires