Lapriyè vodou an

Mw se  ayisyen,nèg  ki soti nan zantray lafrik Ginen. Nèg yo potem vin nan peyi d'ayiti,mw mele sanm ak endijyèn ki se  premye mèt tè a,mw mele sanm ak  blan kite vin fè  Nou tout esklav. Mw se  ayisyen moun kifèt ak kò,moun kifèt ak nanm,moun kifèt ak bon zanj. 

Olowoum pa pouvwaw banm responsabilite Pou mw mennen, respekte ak jwi tout Sam ka wè yo ak tout Sam pa wè  yo sou latè a sou kontwòl ou menm mèt Olowoum ki mèt  tè,ki mèt dlo,ki mèt dife,ki mèt  van. 

Se gras a ou Nou menm Nou gen pouvwa pa Nou sou latè  a e Se sa menm ki lavi a, pa pouvwa Atibonlegba,tout fòs kosmik yo antre nan Nou,eklere zye Nou Pou Nou bay Vodou a ak Ginen an fòs,pouvwa,l'inyon Pou Nou fè travay Ginen an nan lapè  ak kè kontan


Ayibobo, ayibobo, ayibobo.....