Prière 

O Danmbala wèdo tokan miwaze

Nèg salavantior

sila bon ke pasa wilibo wilimen

Nèg gwo bèt sèt tèt

Aprè dye aprè dye aprè dye

Nèg ki wè tout bagay ki konn tout bagay ki fè tout bagay Nèg ki te la avan tout bagay

Voye limyè pou mwen

Klere devan mwen

Retire wòch ak pikan sou wout mwen

Bouche tou ki ka fè m tonbe

Papa danmbala, nèg dokosi dokosa

Gid tout sa ki gen lavi

Nèg ki akonpaye zansèt yo anba kal batiman

Lavi mwen nan men ou

Ago agosi agola