Mouchwa Vodou

Mouchwa, mouchwa foula, mouchwa lwa, ou foula pou kont li se yon travèse li ye, nan Vodou a, li se yon respè inivèsèl, li son pwoteksyon pou mitan tèt erityé ki se yon sant enèjetik, li kache/kouvwi tout bagay ki enpi nan cheve a.  Chak koulè son kòd ki kòmsi lanse mesaj lè wap fè anons ak lwa/santinèl yo, Koulè mouchwa reprezante/senboliz dimansyon vibrasyon lwa ou gad la.  Koulè mouchwa idantifye nan ki eleman e ki planèt ki infliyanse lwa ou gad sa . Koulè mouchwa idantifye nan ki reyon, nan ki plan, ki atribisyon lwa sa oubyen nan ki domènn.

 

Lè yo sakré yon mouchwa foula ak dlo beni (dlo, sèl, Florida, yon branch bazilik) e nan chak pwent ak nan mitan mouchwa foula yon kwa siyenn ) li reprezante fòs ki angandre pouvwa mistè sa.

 

Mouchwa foula Vodou toujou koupe an kare.  Yon kare gen 4 kote, chif 4 senbolize matyè, kreyasyon. Nou konnen eleman ki konstwi nou yo s 4 yo yo, dife , lé , dlo, ak tè e gen yon 5èm ki pi wo ke nou . ( l ether/espwi). Lè yon mouchwa foule finn beni, sakré e kwasiyen nan chak pwent e nan mitan li reyini tou lè 5 fòs kosmik yo ki senbolize pwisans ki mete matyè en ekilib; kòw ak nati a an ekilib.  Se rezon sa ke yon vodouvi gon tèt fèmal se tèt li mare, lè lap travèse yon inpas difisil li rale yon mouchwa foula li mare nan renn, lè yon lwa gad chevoche yon moun yo rale yon mouchwa foula yon mare ponyèt li...

 

Poukisa yo mare tèt nan Vodou?

 Mouchwa son reseptak li ye. Nan Vodou yo itilize twal swa pou’w fè mouchwa non selman twal swa son twal ki reflekte abondan, lux men sifas la konduktivite bon pwoteksyon pouw pwoteje vodouvi a paske eneji lwa ap degaje reyelman pwisan e mouchwa amòti chaj elektwomayetik enèji ak enèji matyè nwa lwa sa degaje e ki pral pase nan chakra kouwòn ou sant enèjetik nan mitan tèt la e nan front tèt vodouvi sa.


Ayibobo Vodoun