Beny pou giyon ou byen move lè ak kout mò sou ou
21 tèt lay vyolèt (lay peyi) 7 kòkonm blan, ether (fòmòl), siwo afetida, 7 pwiz tè nan yon kafou, simetyè ak devan legliz, yon galon dlo lanmè epi kleren.
Wap pile lay yo ak tout po, graje kòkonm yo ak tout po, wap mete yo nan yon kivèt blan, mete fòmòl la (yon ti kal), siwo afetida a plis dlo lanmè a.
Wap pase tè yo sou ou nan apwè wap rense kò ou ak kleren an, answit benyen ak konpoze ki nan kivèt la. note byen limen yon balèn, fè demand ou. (Sonje peye kafou, bawon ak devan legliz la lè wap pwan tè yo)
0 Commentaires